Accessibility links

Breaking News

Prezidan René Préval Mande Inyon Pou Rezoud Pwoblèm Ayiti yo


Nan okazyon 2 janvye a, Jou Zansèt yo (Jour des Aïeux) nan peyi Dayiti, Prezidan René Préval renouvle apèl li te lanse nan selebrasyon fèt Endepandans la 1er Janvye, pou Ayisyen yo kole tèt yo ansanm pou yo fè fas ak pwoblèm peyi a ap konfwonte.

Misye Préval te pran lapawòl dimanch nan Palè Nasyonal kote li t ap resevwa yon gwoup diyitè, Ayisyen ak etranje.

Korespondan nou Clarens Renois, ki fè kòmantè sou mesaj Prezidan Préval la, pwofite pou li di nou pèp ayisyen an pase 2 premye jou ane 2011 la nan lapè; men anpil sektè ap poze kesyon pou mande konbe tan lapè sa a pral dire, paske syèl politik ayisyen an chaje ak gwo nyaj.

XS
SM
MD
LG