Prezidan ayisyen an, Rene Preval, pwononse yon diskou nan vil Gonayiv (Site Endepandans la) kote li lanse apèl bay pèp la pou l travay ansanm pou rezoud pwoblèm peyi a ap fè konfwonte apre tranbleman-d-tè 12 Janvye a, maladi kolera ak pwoblèm elektoral la.
Nan mesaj sa a chèf l'Eta a pran Gonayiv kòm egzanp vil ki sibi anpil dega nan ane ki pase yo e ki piti-piti ap travay pou l' rekanpe sou 2 pye l pou l envite konpatriyòt li yo suiv egzanp Site Endepandans lan pou rebati peyi yo.
Fè yon klik sou ralonj ki anwo, adwat paj wèb la pou n koute diskou lidè ayisyen an