Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Vizite Nouvèl Òleyan


Prezidan Obama Vizite Nouvèl Òleyan
Prezidan Obama Vizite Nouvèl Òleyan

Prezidan ameriken an, Barack Obama, vizite dimanch 29 out la vil Nouvèl Òleyan, Eta Louiziàn, pou l te patsiep nan yon seremoni ki te make 5èm anivèsè pasaj siklòn Katrina.

Nan yon diskou prezidan an fè nan Inivèsite Xavier, li di genyen bon jan pwogrè ki fèt nan efò pou rebati Nouvèl Òleyan. Daprè li, vil la te kapab rete yon rejyon k ap depafini; olye de sa, li tounen yon vil ki reprezante yon senbòl rezistans ak kouraj.

Katrina te touche tè 29 out 2005. Siklòn nan ak inondasyon li te pwovoke te pran lavi plis pase mil 800 moun e li te fòse plis pase yon milyon lòt kite kay yo.

Louiziàn ak Misisipi, se 2 Eta ki te sibi pi move konsekans Katrina. 8% vil Nouvèl Òleyan te anba dlo apre dig ki la pou pwoteje vil la te sede anba presyon dlo siklòn nan te pote avèk li.

Yon lòt kote, Prezidan Barack Obama fè konnen ekonomi amerikèn nan ap fè pwogrè, men se pa avèk rapidite ki nesesè a.

Nan yon entèvou prezidan an bay chèn televizyon NBC (pou pwogram NBC News), li lanse yon apèl prese bay kongrè a pou mande l vote kèk nan pwojè li déjà somèt devan palmantè yo, pwojè tankou yon akselerasyon fòmalite pou Leta Federal ofri ti biznis yo lajan prete, avèk soulajman pou konpayi yo.

Misye Obama deklare yon lwa ki ede ti biznis yo jwenn lajan prete, ta ba yo plis ankourajman pou yo fè envestisman.

Prezidan ameriken an kotinye pou l di pa genyen okenn pòsyon majik pou geri maladi ekonomi amerikèn nan ap soufri.

XS
SM
MD
LG