Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Selebre Jounen Fèt Di Travay La Nan Eta Wisconsin


Prezidan ameriken an, Barack Obama gen pou l make jounen “Labor Day” a , jounen fèt di Travay la avèk yon diskou devan travayè sendika yo sou ekonomi peyi a.

Mesye Obama pral pwononse diskou sa a nan eta Wisconsin ki nan mitan lwès Lezetazini kèk jou apré gen yon nouvo rapò ki montre to chomaj la monte a 9,6 % nan mwa dout ki sot pase a.

Prezidan Obama di nan mesaj li bay chak semèn lè samdi yo ke fèt la se yon chans pou reyafime yon angajman a travayè ameriken yo.

Fèt di Travay la Ozetazini se yon fèt ki la depi plis ke 100 tan e li dedye a plis ke 150 milyon travayè nan peyi a.

Men sanble ane sa a jounen sa a pa pral yon selebrasyon pou apeprè 15 milyon ameriken ki nan chomaj.

Sitiyasyon travay la sanble menm jan a jan l te ye sa gen yon lane avèk to chomaj la ki sanble rete mènm jan a kjan li te ye nan epòk fèt di travay la ane pase.

XS
SM
MD
LG