Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Rankontre Prezidan Kolombyen an


Prezidan ameriken an Barack Obama ap rankontre ak prezidan kolonbyen an Juan Manuel Santos REUTERS/Jim Young (UNITED STATES - Tags: POLITICS)
Prezidan ameriken an Barack Obama ap rankontre ak prezidan kolonbyen an Juan Manuel Santos REUTERS/Jim Young (UNITED STATES - Tags: POLITICS)

Prezidan ameriken an Barack Obama rankontre jedi 7 avril 2011 la tokay kolonbyen li, Juan manuel Santos, nan Lamezon Blanch.

Prezidan Obama presize akò mache lib 2 peyi yo siyen an, se yon akò k ap bon ni pou Etazini ni pou Kolonbi.

Dapre lidè ameriken an toujou, akò apral ede pwoteje dwa travayè-yo nan Kolonbi epi l ap bay ekonomi amerikèn nan jarèt.

Prezidan Santos, li menm, dekri akò a kòm yon antant enpòtan non sèlman pou komès entènasyonal, men tou pou relasyon peyil i ak Etazini.

Kongrè ameriken an gen pou li apwoupe akò a anvan li antre an aplikasyon.

XS
SM
MD
LG