Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Rankontre ak Prezidan Sarkozy nan Somè G-20 an


Prezidan ameriken an, Barack Obama ak Prezidan Fransè a Nicholas Sarkozy nan somè G-20 2011 la nan Cannes, France
Prezidan ameriken an, Barack Obama ak Prezidan Fransè a Nicholas Sarkozy nan somè G-20 2011 la nan Cannes, France

Prezidan ameriken an, Barack Obama, deklare pwogram nikleyè Iran an poze “yon menas san rete”, e li menm ak prezidan fransè a dakò sou nesesite pou yo mentni “presyon entènasyonal yo janm pran jiskaprezan” sou Teheran pou’l ka respekte angajman li pran nan domèn nikleyè a.

Misye Obama fè deklarasyon sa a jodi a apre yon chita-pale ak Prezidan Nicolas Sarkozy--- anvan Somè 20 pi gwo ekonomi mondyal yo (G-20 an) nan Cannes, yon vil touristik sou kòt Mediterannee peyi Lafrans.

Misye Obama di “li menm ak misye Sarkozy te diskite sou Iran nan konvèsasyon yo" konvèsasyon ki te chita sou anpil kesyon sekirite.

XS
SM
MD
LG