Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Rankontre ak Premye Minis Britanik la David Cameron


Isit nan Washington, DC, La Mezon Blanch fè konnen sitiyasyon an nan peyi Afganistan pral domine pwogram yon rankont ki fikse ant Prezidan Barack Obama ak nouvo Premye Minis britanik la, David Cameron. Se premye visit misye Cameron nan La Mezon Blanch depi li tounen chèf gouvènman nan La Grand Bretay. Nan yon pwen-de-près pòtpawol Mezon Blanch la, Robert Gibbs di premye minis la ak prezidan an pral abòde kèk kesyon yo te diskite nan dènye somè G-20 an nan Toronto o Kanada – e dosye Afganistan okipe premye plas nan pwogram nan.

Prezidan Obama ak premye minis Cameron genyen pou abòde tou kèk lòt dosye entènasyonal enpòtan --pami yo genyen sanksyon Konsèy Sekirite l’ONU an pan kont Iran pou fè presyon sou peyi sa a pou l sispann anrichi uranyòm, mete sou efò pou relanse negosyasyon lapè yo ant Izrayèl ak Palestinyen yo, san bliye dosye Kore di Nò a.

XS
SM
MD
LG