Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Pwovoke Kritik Poutèt li Pran Vakans nan Mitan yon Kriz Ekonomik


Prezidan ameriken an Barack Obama nan avyon Air Force One nan k ap menen l an vakans sou zile Martha’s Vineyard nan Eta Massachusetts
Prezidan ameriken an Barack Obama nan avyon Air Force One nan k ap menen l an vakans sou zile Martha’s Vineyard nan Eta Massachusetts

Prezidan ameriken an, Barack Obama, kòmanse yon vakans 10 jou nan moman sondaj pa sispann parèt sou fason l ap jere kriz ekonomik peyi a ap travèse a.

Prezidan Obama rive jedi swa sou zile Martha’s Vineyard nan Eta Massachusetts.

Gen kèk moun ki kritike lidè ameriken an poutèt li pran vakans nan moman Lèzetazini ap fè fas ak yon gwo kriz ekonomik e poutèt li chwazi yon zòn boujwa pou l pase vakans li.

Daprè kèk kritik, Misye Obama ta dwe rete Washington e konsantre atansyon n sou fason pou l pote solisyon nan pwoblèm ekonomi amerikèn nan ap konfwonte.

XS
SM
MD
LG