Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Pral Mete Devan Kongrè a yon Mesaj sou Relans Ekonomik ak Kreyasyon Travay


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Prezidan ameriken an Barack Obama pral pran lapawòl jedi swa devan 2 chanm kongrè a reyini pou l prezante grand liy plan administrasyon n nan genyen pou l relanse ekonomi amerikèn nan epi kreye travay.

Diskou sa a pral pase nan televizyon atravè tout peyi a. Msye Obama pral pran lapawòl devan yon Chanm Depite kote Repibliken yo gen majorite a ak yon Sena kote demokrat yo anba anpil presyon pou yo jwenn apwi kòlèg yo pou politik prezidan an.

Mache de la bous yo ni ann Ewòp ni Ozetazini rebondi timidman yè mèkredi a akoz jisteman bri k ap kouri kòmkwa mesaj Prezidan Obama a pral gen ladan n kèk propozisyon sou relans ekonomi amerikèn an.

XS
SM
MD
LG