Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Mete Fen nan Vizit Amerik Latin li an


Prezidan Barack Obama ak premyè dam nan Michelle Obama
Prezidan Barack Obama ak premyè dam nan Michelle Obama

Prezidan Ameriken an, Barack Obama, mete fen byen bonè mèkredi 23 mas 2011 la nan virewon li t ap fè nan Amerik Latin nan. Prezidan an twouve l nan mitan gwo kritik kòmkwa li rete deyò Etazini alòske li otorize fòs Ameriken yo pou yo al ede fè respekte zòn kote avyon pa gen dwa vole Nan Libi.

Mesye Obama gen pou l sote tour li te planifye pou l fè sou ruin Mayan yo nan Salvadò pou l ka retounen Washington kèk édtan pi bonè pase lè yo te fikse a.

Lidè Etazini an gen pou l fè yon tele-konferans avèk konseye sekirite nasyonal li yo anvan li kite Salvadò.

XS
SM
MD
LG