Prezidan Etazini an, Barack Obama, rive nan vil Richmond, nan eta Virjini, kote li repete apèl li te lanse bay Kongrè a pou mande l pase yon plan 450 milya dola pou kreye travay Ozetazini. Misye Obama te devlope gran pwen ki nan yon pwojè-lwa ki rele « American Jobs Act » --oubyen « Lwa amerikèn sou Travay » nan yon diskou li fè devan tou le 2 Chanm Kongrè a reyini. Li deklare Lèzetazini twouve lnan yon “kriz nasyonal” e li mande pou batay politik ant 2 pati poltik yo (repibliken ak demokrat) fini e pou responsab yo pase a laksyon tousuit pou yo relanse ekonomi an.
Prezidan Obama pale pou l di :
"Moun tou patou nan peyi sa a travay du pou yo fè fas ak responsablite yo. Kesyon ki poze aswè a se : èske n ap fè fas ak responsablite pa nou. Kesyon ki poze a se : èske, fas ak kriz nasyonal k ap kontinye a, nou ka sispann batay politik la pou n fè yon bagay pou ede ekonomi an."
Msye Obama fè konnen plan li mete devan Kongrè a ta redui taks pou anplwaye ak biznis, e kreye nouvo djòb pou travayè nan domèn konstriksyon an, pou pwofesè lekòl yo ak lòt Ameriken. E li bay detay sou fason gouvènman an ka peye pou plan sa a.
"Mwen konnen gen nan nou ki sèmante pou n pa janm ogmante taks sou pèsonn toutotan n ap viv. Jounen jodiya, li lè li tan pou n fè yon eksepsyon e ogmante taks sou klas mwayèn nan, e se pou sa nou dwe pase pwojè lwa sa a tousuit."
Pwojè lwa a prevwa aksyon pou gouvènman federal Lèzetazini an ouvri chantye pou repare wout, ray tren, aewopò, enstalasyon dlo, ak omwen 35 mil lekòl. Prezidan Chanm Depite a, repibliken John Boehner -- ki toujou kont tout pwogram prezidan an-- montre li dispoze fè antant kounyeya.
Li di plan Msye Obama a «merite konsiderasyon.»