Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Obama ap Vizite Fort Bragg nan Kawolinn di Nò


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Prezidan Etazini an, Barack Obama, ap vizite yon baz militè nan Kawolinn di Nò nan sidès Etazini kote la Mezon Blanch di lidè ameriken an pral remèsye sòlda ki te sèvi nan Irak yo.

Pòtpawòl Lamezon blanch, Jay Carney fè konnen msye Obama pral diskite sou sakrifis ameriken yo te fè pandan lagè a, sa gen prèske 9 van, alòske l ap make relasyon ki genyen ant Etazini ak Irak ap kontinye vanse pou pi devan.

Msye Carney kalifye retrè sòlda Etazini yo bò 31 desanm nan kòm yon moman enpòtan e li di vizit prezidan an nan Fort Bragg se yon chans pou sonje ki gwosè pwa kesyon lagè a te ye sou lestomak Ozetazini.

XS
SM
MD
LG