Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Anonse Gwo Chanjman Nan Politik Etazini Pou Rejyon Pwòch Oryan Ak Afrik Di Nò a


Prezidan Obama Anonse Gwo Chanjman Nan Politik Etazini Pou Rejyon Pwòch Oryan Ak Afrik Di Nò a
Prezidan Obama Anonse Gwo Chanjman Nan Politik Etazini Pou Rejyon Pwòch Oryan Ak Afrik Di Nò a

Prezidan Obama Anonse Gwo Chanjman Nan Politik Etazini Pou Rejyon Pwòch Oryan Ak Afrik Di Nò a
Prezidan Obama Anonse Gwo Chanjman Nan Politik Etazini Pou Rejyon Pwòch Oryan Ak Afrik Di Nò a

Prezidan Barack Obama pale jedi 19 me a sou chanjman politik kap fèt nan Mwayen Oryan an ak nan rejyon nò kontinan afriken an. Mesaj misye Obama a santre sou mouvman demokratik pasifik kap fèt nan 2 rejyon nou site yo.

Lidè ameriken an fè konnen revolisyon ki fèk fèt nan peyi Pwòch Oryan-an ak Afrik di Nò yo ofri yon okazyon istorik pou moun satisfè aspirasyon pèp nan rejyon sa a ki gen lontan depi yo pa ka jwi libète politik ni jwenn chans pou yo fè pwogrè ekonomik.

Diskou sa a tonbe tou yon jou apre administrasyon Obama adeside enpoze sanskyon sou prezidan siryen an, Bashar Al-Assad, pou vyolasyon dwa moun pandan operasyon sere-boulon tèrib gouvènman Al-Assad la lanse kont opozisyon an, operasyon ki lakoz lanmò anpil moun.

Prezidan Obama anonse yon pwogram rediksyon dèt ak envestisman kap koute yon milya dola, avèk yon lòt pou menm valè lajan an (swa yon milya dola) pou garanti prè ekonomik pou Ejip ak Tinizi.

Chèf Mezon Blanch lan fè diskou sa a nan Washington, D.C nan moman revolisyon ki fèk fèt nan 2 peyi nou site yo pèdi premye plas nan nouvèl entènasyonal yo, kote laprès pale pito sou konfli vyolan ka p dewoule nan peyi Yemèn, Siri ak lòt kote.

4 poto-kwen asistans Lèzetazini pou Pwòch Oryan ak rejyon Afrik Di Nò a

  • 1. Jesyon Ekonomik

    - amelyore politik ekonomik, transparans ak lit kont koripsyon

  • - Asistans teknik gouvènman ameriken, inivèsite, gwoup refleksyon, òganizasyon non gouvènmantal, sitwayen òdinè ak gouvènman rejyonal yo

  • - Mobilize enstitisyon finansyè entènasyonal yo pou kore refòm lokal

  • 2. Estabilite Ekonomik

    - Soulaje jiska 1 milya dola nan dèt peyi Egypt epi sèvi ak lajan sa a pou kreye travay e apiye envestisè

  • - Favorize apui finansye anfavè Egypt ak Tinizi bò kote enstitisyon finansye entènasyonal ak vwazen li yo nan rejyon an.

  • 3. Modènizasyon Ekonomik

    - Yon èd jiska $2 milya dola pou sektè prive atravè Pwòch Oryan ak Afrik Di Nò a

  • - Tabli Fon lajan pou antrepriz Egypsyen e Tinizyen-Ameriken pou favorize envestisman sektè prive a

  • - Apiye reoryantasyon Bank Ewopeyen Pou Rekonstriksyon ak Devlopman an pou soutni peyi nan Pwòch Oryan ak Afrik Di Nò a

  • 4. Entegrasyon Komèsyal, Envestisman

    - Entegrasyon komèsyal ak Envestisman. Pwen sa a prevwa ranfòsman echanjman komèsyal ant Lèzetazuni ak peyi nan Pwòch Oryanak Afrik di Nò a, e lap mache tou ak yon inisyativ pou devlope partenarya komèsyal nan 2 rejyon yo.

  • - Travay ak Inyon Ewopeyèn an pou ankouraje echanj ak rejyon an, pouse pi plis entegrasyon ak mache ameriken ak mache ewopeyen yo epi louvri pòt pou akò komès rejyonal

XS
SM
MD
LG