Prezidan ameriken an Barack Obama anonse Lèzetazini mete fen nan misyon konba li nan Irak puiske n ap site: " Nou rive nan yon moman kote pèp irakyen an kapab pran responsabilite pou l asire sekirite li poukont li."
Lidè ameriken an fè anons sa a nan yon diskou ki pase madi 31 out la sou radyo ak televizyon atravè tout peyi a. Apeprè 50mil ameriken ap rete ann Irak. Se yon fòs tranzisyon ki pral travay pou antrene e konseye lame irakyèn nan.
Mèkredi 1er septanm nan, vis prezidan ameriken an, Joe Biden, ki twouve l nan Bagdad kapital Irak, ap prezide yon seremoni kote komandman operasyon militè yo ap sòti nan men ameriken pou l pase nan men irakyen. Se kòmansman operasyon tranzisyon an ki rele "Yon Nouvo Douvanjou".
Minis defans ameriken an, Robert Gates, ap prezan nan seremoni sa a kote pi gwo kòmandan militè ameriken nan Irak la, Jeneral Raymond Oderno, pral pase rèn nan bay lyetnan jeneral Lloyd Austin.
Pou kòmantè VOA Kreyòl sou mesaj Prezidan Obama a koute yon repòtaj Marie Luce Pierre ak Jacquelin Bélizaire.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Marie Luce Pierre ak Jacquelin Bélizaire.