Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama Ofisyèlman Reeli Prezidan Etazini


Prezidan Barack Obama ak Vis-Prezidan Joe Biden nan Mezon Blanch lan nan Washington, premye janvye 2013 la.
Prezidan Barack Obama ak Vis-Prezidan Joe Biden nan Mezon Blanch lan nan Washington, premye janvye 2013 la.
Prezidan Barack Obama ak Vis-prezidan Joe Biden ofisyèlman re-eli vandredi 4 janvye a pou yon 2zyèm manda nan tèt pi ansyèn demokrasi ki genyen sou planèt la. Kongrè ameriken an konte ofisyèlman vòt yo vandredi e l' sètifye se misye Obama ki genyen eleksyon 6 novanm nan ak 332 "gran Elektè" kont 206 pou rival li, Repibliken Mitt Romney.

Malgre lemond antye te deja konnen rezilta eleksyon prezidansyèl Lèzetazini an, konstitisyon amerikèn nan egzije Kongrè a pou’l konte vòt yo e sètifye gayan an.

Se yon pwosesis ki remonte nan epòk mwayen kominikasyon elektwonik yo pat egziste. Lè sa a, li te konn pran plizyè mwa anvan pou sitwayen atravè tout peyi a konnen kilès ki ranpòte eleksyon an.

Chak Eta Ozetazini gen yon valè « gran elektè » e kantite gran elektè yo chita (ou baze) sou kantite moun li genyen kap viv ladan.
XS
SM
MD
LG