Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Martelly pral Asiste Somè Peyi Latino-Ameriken ak Karayib yo nan Venezuela


Nan yon nòt ki sòti nan Palè Nasyonal nan peyi Dayiti, biwo kominikasyon prezidans la fè konnen Prezidan Michel Martelly ap kite peyi a jedi premye desanm 2011 la pou l ale Caracas nan peyi Venezuela kote li pral patisipe nan Somè Chèf Deta ak Chèf Gouvènman kominote peyi Latino-Ameriken ak Karayib la (CELAC), sòti 2 pou rive 3 desanm .

Rankont sa a reprezante swit 21èm somè anyel Gwoup Rio a ki te dewoule nan Palya del Carmen, nan peyi Meksik, an fevriye 2010; nan okazyon an delege yo te anonse kreyasyon òganizasyon yo rele “Kominote Eta Latino-Ameriken ak Karayib yo”.

Depi Pòtoprens, korespondan nou Clarens Renois pote plis presizyon sou pwogram vwayaj Prezidan Martelly nan Caracas, e li rezime pou nou travay ki fèt nan yon fowòm sou envestisman ki te dewoule pandan 2 jou (29 ak 30 novanm 2011) nan Pòtoprens.

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG