Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Martelly Mande yon Dyalòg Nasyonal pou Peyi a Ka Avanse


Men yon mesaj prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, mete devan pèp la nan jounen mèkredi 23 novanm 2011 la.

--------------------------------------------------------------------------------------------------------------

Chè konpatriyòt,

Nan dènye semèn sa yo, peyi a travèse yon move moman ki, yon lòt fwa ankò, te ralanti pwosesis bòn mach gouvènman an. Mwen voye konpliman bay tout Senatè yo ki te konprann nesesite pou yo pat mete absè sou klou nan rezolisyon 22 novanm 2011 la. Se tout Peyi a k ap di nou mèsi poutèt nou pa t kite enterè pèsonèl nou mennen nou. Nou te mete Ayiti devan. M ap pwofite di mèsi ak Minis Lajistis ak Sekirite Piblik la ki te chwazi pou l te retire kò l, yon fason pou l fasilite yon solisyon nan kriz la.

Ann pa bliye ke Ekzekitif la, Lejislatif la ak Jidisyè a, se twa pouvwa Leta ki dwe, dapre konstitisyon an, fè peyi a mache kòrèkteman. Youn konplete lòt. Nan sans sa a, yo pa ka nan chire pit. Jodiya li nesesè ke, prese prese, yo antann yo sou gwo dosye k ap pèmèt peyi a kòmanse fè refòm ki pou mennen l sou chimen devlopman tout bon vre a.

A pati semèn sa a, mwen pran angajman pou m chita ak reprezantan twa pouvwa Leta yo, pou nou kapab, ansanm, pran bon jan dispozisyon pou n anpeche mòd sitiyasyon sa yo repete ankò. Moman an rive pou nou bliye sa k pase a. M ap mande Onorab Depite yo, nan lanmou yo gen pou Ayiti, pou yo fè menm jan ak Senatè yo, pou yo pwofite kalfou difisil n ap pase la a, pou nou fè yon gwo kole-zepòl pou nou kapab jwenn bon jan estabilite nan peyi a.

Pikan kwenna ki devan nou yo, ke nou dwe janbe ansanm, yo anpil. Pèp la pa ka tann ankò pou dirijan l yo ba l sèvis, pou fè l viv tankou moun. Nou fèt pou nou batay pou tout moun konn li ak ekri. Nou dwe goumen pou nou rekonstwi peyi nou nan tèt ansanm. Nan jou k ap vini la yo, n ap voye devan palman an yon lwa sou finans k ap konsidere kesyon desantralizasyon an. Nou dwe batay kont koripsyon sou tout fòm. Nou dwe frennen ensekirite pou nou kapab pèmèt biznisman vin louvri biznis nan peyi nou, pou nou kapab kreye travay pou pèp la.

Men nan men, n ap gonfle venn nou nan enterè peyi nou, Ayiti. Ayiti ki pa dwe mouri, Ayiti ki, wè pa wè, gen randevou ak chanjman an.

Mèsi

XS
SM
MD
LG