Accessibility links

Breaking News

Prezidan Martelly ap Rankontre Manm Palman an sou Dosye Premye Minis Deziye a, Bernard Gousse


Prezidan Michel Joseph Martelly pral rankontre jedi 21 jiyè 2011 la avèk 16 senatè blòk GPR la pou yo fè negosyasyon sou dosye Premye Minis deziye a, Bernard Gousse.

Nan menm jounen jedi a Misye Gousse genyen pou l depoze pyès li nan palman an pou depite ak senatè evalye kalifikasyon li pou pòs Chèf Gouvènman an.

Mèkredi 20 jiyè a Prezidan Martelly te fè yon chita-tande manch long ak palmantè yo; men 2 pati yo pa rive jwenn yon rezilta ki ta debloke enpas la.

XS
SM
MD
LG