Accessibility links

Breaking News

Prezidan Martelly rankontre ak Sekretè Jeneral L’ONU


Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, k ap patisipe nan 66èm asanble jeneral Nasyonzini nan Nouyòk, rankontre ak sekretè jeneral LONU an, Ban-Ki moun.

Nan yon entèvyou li bay Lavwadlamerik, Mesye Martelly fè konnen chita pale a te fèt sou twa pwen: manda Misyon Stabilizasyon Nasyon Zini ann Ayiti (MINUSTAH), jistis pou jèn ayisyen sòlda Urugweyen te vyole nan Port-Salut, ak maladi kolera a.

Prezidan ayisyen an ki te reponn kesyon anvwaye spesyal Lavwadlamerik, Jean-Robert Philippe, deklare Ayiti dwe gen yon fòs ame ki pral gen pou ranplase MINUSTAH.

Nan sans sa a, Mesye Martelly di li prezante kominote entènasyonal la plan yon fòs ame. Chèf leta a apiye tou rezolisyon Sena ayisyen an ki pwopoze yon peryòd 3 lane pou LONU retire solda l yo nan peyi a.

Li ajoute pou l di kreyasyon yon fòs ame pwofesyonel pral pèmèt peyi a reprann dwa granmoun ni e pral bay opòtinite pou anpil jèn ayisyen travay nan plizyè domèn, menm jan sa fèt Ozetazini.

Fòs sa a pral gen pou siveye fwontyè a epi anpeche trafik dwòg. Sepandan, Msye Martelly presize, Polis Nasyonal la ap toujou kontinye jwe wòl li ki se mete lòd nan peyi a.

Prezidan ayisyen an di li te mande Sekretè Jeneral LONU an jistis pou jèn ayisyen sòlda Urugweyen te vyole sa pa gen lontan nan vil Port-Salut.

Pou sa ki konsène dosye kolera a yo lage sou do MINUSTAH a, chef leta a te montre l prudan. Prezidan Martelly di li mande LONU asistans finansyè pou jere epidemi an.

XS
SM
MD
LG