Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ayisyen an Pwomèt Plis Dyalòg ak Otorite Ameriken yo sou Dosye Ayisyen ki Gen Stati Tanporè yo Ozetazini


Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, agoch, ansanm ak Vis Prezidan ameriken an, Mike Pence, adwat, nan Miami, Florid, 15 jen 2017.
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, agoch, ansanm ak Vis Prezidan ameriken an, Mike Pence, adwat, nan Miami, Florid, 15 jen 2017.

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, retounen nan peyi a apre li sot patisipe nan 2 somè nan Miami Florid. Nan rankont chèf deta a te genyen ak kominote ayisyen an nan Miami li fè konnen gouvènman li an ap travay ak administrasyon ameriken nan yon fason pou pèmèt imigran ayisyen ki gen Stati Pwoteksyon Tanporè (TPS) yo jwenn yon ralonj 12 mwa.

An mèntan tou, Prezidan Moise ankouraje ayisyen yo vin envesti nan peyi a. Premye sitwayen Ayiti di nan laprès li bay tèt li 2 zan pou gen elektrisite nan tout peyi a 24 sou 24. Sepandan, Prezidan an fini pou l di objektif li a pap posib si enfrastrikti peyi a pa amelyore.

Klike sou videyo a pou w tande deklarasyon Prezidan Jovenel Moise la:

Prezidan Jovenel Moise apre yon vizit 3 jou nna Miami
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:53 0:00

XS
SM
MD
LG