Accessibility links

Breaking News

Prezidan Hugo Chavez Rankontre ak Prezidan Mahmoud Ahmadinejad Ann Iran


Prezidan venezuelyen an Hugo Chavez rankontre ak prezidan iranyen an Mahmoud Ahmadinejad nan kad yon chita-tande sou bon rapò ant 2 advèsè Etazini sa yo.

Mesye Ahmadinejad akeyi madi 19 oktòb 2010 la lidè venezuelyen an nan palè prezidansyèl la .

Responsab yo presize dikisyon yo te chita sou ogmantasyon kowoperasyon ant Iran ak Venezuela konsènan endistri petwòl ak gaz .

Vizit sa a se dènye etap nan yon visit entènasyonal prezidan Chavez ap fè.

Se 3e vizit lidè sid-ameriken an nan peyi Iran depi li sou pouvwa a nan Venezuela.

Prezidan Chavez se yon gwo sipòtè Iran nan pwogram nikleyè l la ki nan sant konfli ant prezidan Ahmadinejad ak peyi oksidantal yo.

Etazini ak lòt peyi yo akize Iran dèske l ap chèche genyen teknoloji nikleyè pou l ka frabrike zam ---yon akizasyon Tehran toujou rejte.

XS
SM
MD
LG