Accessibility links

Breaking News

Prezidan Hugo Chavez Kraze Relasyon Diplomatik li ak Kolonbi


Prezidan venezuelyen an Hugo Chavez kraze relasyon diplomatik li ak Kolonbi apre Bogota akize Venezuela kòmkwa peyi l kache rebèl gochis yo. Prezidan Chavez fè anons la jedi 21 jiyè 2010 la sou televizyon leta a.

Li di li oblije kraze tout relasyon yo paske Kolonbi di li pa pran aksyon kont rebèl gochis yo ki ta swa dizan jwenn refij sou teritwa venezuelyen an.

Mesye Chavez di li pase lòd pou fòs zame peyi a mete’l ann “alèt maksimòm » sou fwontyè 2 peyi yo pataje a. Prezidan Chavez pran mezi sa a apre Kolonbi ale devan Konsèy pèmanan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) nan Washington pou prezante foto, kat jeografik ak lòt dokiman ankò pou di Venezuela bay 1500 rebèl gochis kolonbyen refij lakay li.

Anbasadè Kolonbi a nan OEA Luis Alfonso Hoyos deklare dokiman yo montre sa l rele yon presans aktiv gwoup teworis, k ap pran jarèt pi plis chak jou nan peyi Venezuela.

Yon lòt kote, komisè gouvènman ameriken an di yon ansyen kòmandan Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi a (FARC) resevwa yon santans 27 tan prison poutèt la jistis jwenn li koupab nan aktivite pou fè plizyè tonn kokayinn antre nan peyi a.

Yon kominike ki soti nan biwo komisè gouvènman eta New York fè konnen yon jij federal nan Washington emèt jedi 21 jiyè a yon vèdik kont Gerardo Aguilar Ramirez.

XS
SM
MD
LG