Accessibility links

Breaking News

Prezidan Fon Monetè Entènasyonal la, Ki nan Prizon Pou “Atak Seksyèl”, Bay Demisyon n


Prezidan Fon Monetè Entènasyonal la, Ki nan Prizon Pou “Atak Seksyèl”, Bay Demisyon n
Prezidan Fon Monetè Entènasyonal la, Ki nan Prizon Pou “Atak Seksyèl”, Bay Demisyon n

Prezidan FMI (Fon Monetè Entèna-syonal), ekonomis fransè Dominique Strauss-Khan, bay demisyon n nan moman li twouve l nan yon prizon nan New York, Ozetazini, kote li gen pou l defann tèt li kont akizasyon deske li ta komèt yon atak seksyèl sou yon dam.

Byen bonè jedi 19 me 2011 la, FMI pibliye lèt demisyon an ki pote dat mèkredi 18 me a. Dominique Strauss-Khan di nan lèt la li santi li oblije bay demisyon n pou l kapab pwoteje enstitisyon finansye entènasyonal la, epi konsakre tout fòs kouraj li, tout tan n ak tout enèji li pou l pwouve inosans li.

Nan yon seyans depoziyon ki gen pou dewoule jedi sa a, avoka k ap defann Strauss-Khan yo pral chache wè si lajistis amerikèn ta bay kliyan yo a libète sou kosyon.

Pi bonè nan semèn nan yon jij te refize bay akize a libète sou kosyon, paske, daprè majistra a, Strauss-khan –ki se yon siwayen fransè rich ki genyen 62 zan- kapab sove e Lafrans pa genyen okenn akò ekstradisyon avèk Lèzetazini.

Pandansetan, nouvèl yo fè konnen yon tribinal nan New York resevwa mèkredi 18 me a depozisyon dam ki pote akizasyon kont ansyen prezidan FMI an --se yon dam-menajè ki tap travay nan yon otèl nan New York.

XS
SM
MD
LG