Accessibility links

Breaking News

Prezidan Eli Michel Martelly Anonse Yon Gouvènman "Inclusif" Ki Pap Chita Sou Afilyasyon Politik


Prezidan Eli Michel Martelly Anonse Yon Gouvènman "Inclusif" Ki Pap Chita Sou Afilyasyon Politik
Prezidan Eli Michel Martelly Anonse Yon Gouvènman "Inclusif" Ki Pap Chita Sou Afilyasyon Politik

Nan yon entèviou "exclusive" li bay Lavwadlamerik, misye Martelly di gouvènman li pra l mete sou pye apre prestasyon sèman li, mwa k ap vini an, pra l baze sou konpetans... pa sou tandans ni apatenans politik manm li yo. Prezidan eli a diskite tou sou avni Komisyon Entèrimè Rekonstriksyon Ayiti a (CIRH), sou deklarasyon ansyèn rival li, Me. Mirlande H. Manigat, fè apre pwoklamasyon rezilta eleksyon 20 mas la e sou ki sa viktwa elektè ayisyen yo ba li ak bilten vòt yo nan konsiltasyon elektoral la reprezante pou klas politik ayisyen an.

Prezidan eli Michel Joseph Martelly di Lavwadlamerik li pataje opinyon moun ki konsidere viktwa l la tankou yon mesaj an favè chanjman. Li di patisipasyon nan gouvènman l lan pra l depann de konpetans e non pa afilyasyon politik.

Misye Martelly fè konnen moun l ap vle kòm premye minis la, se pral yon moun ki konprann poukisa li te antre nan kous alaprezidans la. Prezidan eli a presize se pra l yon mounn k ap mete ann aplikasyon 3 premye priyorite l yo ki se: edikasyon gratis pou tout timoun, lojman pou mounn ki anba tant yo, epi agrikilti.

Kèk Ekstrè Entèvyou a:

Nan yon entèvyou sa a, Michel Joseph Martelly abòde divès kesyon konsènan sitiyasyon an nan peyi Dayiti: Ayiti politik, Ayiti sosyal, Ayiti ekonomik. Misye Martelly mete anpil aksan sou nesesite chanjman ki te nan bouch li tout tan pandan li tap mennen kanpay pou eleksyon 20 mas pase a.

Apèl pou Rekonsilyasyon Nasyonal

Misye Martelly lanse yon apèl bay tout ayisyen pou l mande yo mete ansanm avèk gouvènman n nan pou chanje Ayiti, yon peyi kote anpil bagay merite fèt byen vit, e kote preske tout bagay reprezante yon ijans. Nap site Prezidan eli ayisyen an :

« Kòm nouvo premye mandatè peyi Dayiti, map di tout ayisyen 2 bra m ouvè pou yo. Peyi nou an, Ayiti, se yon peyi malad. Menmsi se mwen ki ranpòte eleksyon prezidansyèl yo, premye obligasyon m se chache inyon ant tout petit nasyon an. Mesaj mwen se yon measj rekonsilyasyon nasyonal. Pwoblèm Ayiti se pwoblèm pa nou ; e nou fèt pou chache fòs ki nesesè pou n pèmèt peyi a rekanpe sou 2 pye l. »

APEL POU YON CHANJMAN MANTALITE

Michel Martelly di sa ki eksplike eleksyon n nan, se le fèt ke pèp ayisyen an fin pa konprann lè a rive pou bon jan chajman fèt nan peyi a. Li anonse gouvènman li pral dirije a pral eseye mete an plas yon nouvo sistèm pou kòmanse chanje mantalite ayisyen, sitou dirijan nasyon an. Nap site ankò :

« Pa genyen yon etadedwa nan peyi-a ; pa genyen jistis; byennèt pèp la, se pa sa ki enterese otorite yo vrèman. A travè lèzane, Ayisyen yo te asiste yon move administrasyon zafè Leta, Yo wè fwod nan tout nivo gouvènman an : fwod nan finans, fwod nan itlizasyon materyèl ak byen Leta, fwod nan eleksyon, elatriye. Sitwayen ayisyen yo wè nan mwen pwofil yon nonm yo ta renmen mete kòm dirijan peyi a, paske yo si e sèten mwen kapab pote chanjman yo vle a. Se sa ki eksplike lafyèv elektoral ki te debouche sou eleksyon m nan.»

PWOFIL PWOCHEN PREMYE MINIS LA

Nan entèvyou avèk Lavwadlamerik la, Michel Martelly bay detay sou pwofil moun li ta renmen wè okipe pòs Premye Minis la.

« Moun mwen pral chwazi pou plas Premye Minis la, fèt pou se yon moun kap bay bon rezilta --sa yo rele an anglè « a doer » ; sètadi yon moun kap fè bagay yo fèt, yon nèg kap reyalize yon pwogram. An plis konpetans li, li dwe gen onètete e se pou l kapab reyalize pwomès mwen te fè pandan kanpay elektoral la, pandan lap pran an konsiderasyon twa (3) priyorite enpòtan: Lekòl gratis pou tout ti Ayisyen, konstwi kay pou moun ki deplase e pa gen kote pou yo rete depi tranblemanntè a, epi relans sektè agrikòl la pou kreye travay pou peyizan yo. Fòk moun sa a genyen anpil enèji, fòk se yon moun kap travay nan tranparans, nan yon moman kote nou gen anpil defi pou n leve, alòske nou pa gen tan pou n pèdi. Finalman moun sa a dwe travay pou l tabli yon etadedwa nan peyi Dayiti. »

Nou envite entènot ak oditè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la yo branche sou radyo afilye nou yo nan peyi Dayiti epi ale sou paj entènèt nou an: http://www.voanews.com/creole pou yo koute tout antretyen prezidan eli Ayiti a, Michel Martelly, bay direktè Sèvis Kreyòl la, Ronald César.

NB: Fè yon klik sou ikòn mp3 ki anwo, adwat paj web la pou n swiv entèviou prezidan eli ayisyen an, Michel Martelly, ak Lavwadlamerik.

XS
SM
MD
LG