Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, Kòmanse yon Toune 4 Jou ann Ewòp


Prezidan Donald Trump ak Premyè Dam Melania Trump pandan yo ta pral desann Air Force One nan, apre yo te fin rive nan Warsaw, peyi Polòy, 5 jiyè 2017.
Prezidan Donald Trump ak Premyè Dam Melania Trump pandan yo ta pral desann Air Force One nan, apre yo te fin rive nan Warsaw, peyi Polòy, 5 jiyè 2017.

Misye Trump debake dabò nan La Polòy mèkredi 5 jiyè a anvan li ale ann Almay kote li pral patisipe nan Somè G-20 an.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, kòmanse nan Vasovi, peyi La Polòy, premye etap sa otorite ameriken yo rele “yon misyon diplomatik” kap dire 4 jou sou kontinan ewopeyen an. Li debake nan kapital polonèz la byen ta nan jounen mèkredi 5 jiyè a.

Prezidan Donald Trump ak Premyè Dam Melania Trump nan moman echanj salitasyon ak ofisyèl yon nan Warsaw, Polòy, mèkredi 5 jiyè 2017.
Prezidan Donald Trump ak Premyè Dam Melania Trump nan moman echanj salitasyon ak ofisyèl yon nan Warsaw, Polòy, mèkredi 5 jiyè 2017.

Alòske lidè ameriken an espere polonè pral byen resevwa li, lap fè fas ak yon kèsote ki la depi kèk tan nan tout kontinan an akoz kèk deklarasyon li te fè nan le pase, tankou pawòl sou angajman li vizavi l OTAN ak desizyon li te pran pou l wete Lèzetazini nan Akò Pari sou Klima-a, metre sou lwanj li abitye fè pou kòlèg ris li a, Vladimir Poutin. Apre La Polòy, Misye Trump ap mete tèt sou peyi Lalmay kote li pral patisipe nan Somè G-20 an ki gen pou reyini lidè 20 ekonomi ki pi enpòtan nan lemond yo.

Misye Trump pral fè premye gwo diskou li ann Ewòp lè li va pran lapawòl sou Plas Krasinski a, nan vil Vasovi, yon plas ki reprezante yon gwo senbòl pou anpil polonè, paske li te makònen ak rezistans yo kont tout tip gouvènman gwo ponyèt.

XS
SM
MD
LG