Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Chita Pale ak Chanselye Angela Merkel ann Almay yon Jou Avan Somè Peyi G-20 yo


Prezidan Ameriken an, Donald Trump, agoch, ak Chanselye Alman, an Angela Merkel nan peyi Almay.
(Foto:AP/Matthias Schrader, pool) 6 jilyè 2017.
Prezidan Ameriken an, Donald Trump, agoch, ak Chanselye Alman, an Angela Merkel nan peyi Almay. (Foto:AP/Matthias Schrader, pool) 6 jilyè 2017.

Prezidan Etazini Donald Trump nan Hambourg, Almay jedi 6 jiyè 2017 la rankontre ak Chanselye Angela Merkel, ki se youn nan moun ki konn kritike l anpil sou sèn mondyal la, yon jou anvan somè lidè pi gran peyi ekonomik mondyal yo, somè G20 ap tanmen demen vandredi a 7 jiyè a

2 lidè yo rankontre nan yon otel nan finisman jounen an ak yon salitasyon tou kout devan repòtè yo anvan yo te antre nan sal pou fè chita koze ak pòt fèmen, kote yo ka diskite sou kesyon komès, chanjman klima ak imigrasyon. Madan Merkel te deklare:

“ Ewòp la pa ka konte nèt sou Etazini ankò sou sèn mondyal la e ke Almay ak Lachin ka mete tèt ansanm pou rezoud pwoblèm mondyal yo.”

XS
SM
MD
LG