Accessibility links

Breaking News

Prezidan Chavez Kòmanse yon 4èm Tranch Tretman Chimiyoterapi nan Kiba


Prezidan Hugo Chavez fè konnen li pral kòmanse yon 4èm tranch tretman chimiyoterapi nan Kiba
Prezidan Hugo Chavez fè konnen li pral kòmanse yon 4èm tranch tretman chimiyoterapi nan Kiba

Prezidan Venezuelyen an, Hugo Chavez fè konnen, li pral kòmanse yon 4èm tranch tretman chimiyoterapi nan Kiba.

Anvan msye Chavèz kite Karacas pou l ale Kiba, samdi 17 septanm 2011 la, li deklare se ka dènye tretman ni alòske li prèske fin refè nèt.

Prezidan Hugo Chavez te ale Kiba nan mwa Jen ane sa a pou l te fè yon operasyon kote yo te retire yon timè nan zòn pèlvis li.

Li te retounen Kiba pandan 2 fwa pou l te al suiv tretman chimiyoterapi anvan li te resevwa yon 3èm tranch tretman nan yon lopital nan Venezuela nan kòmansman mwa sa a.

Msye Chavez fè konnen li ka an mezi pou l reyalize yon bagay li te swete ki se chache yon lòt manda sou pouvwa a nan eleksyon ane k ap vini yo, nan peyi Venezuela.

XS
SM
MD
LG