Prezidan brezilyen an Dilma Rouseff twouve l nan peyi Lachin pou yon visit 6 jou.
Objektif vizit sa a se ranfòse relasyon ekonomik ant 2 peyi yo. Miss Rouseff gen pou l asiste jedi pwochen somè lidè ki soti nan peyi tankou Brezil, Larusi, End ak Afrik du Sid --yon gwoup yo rele BRICS.
Obsèvatè yo atann yo aske kesyon ekonomik e komèsyal ap nan tèt pwogram rankont prezidan brezilyen an avèk prezidan chinwa a, Hu Jintao, premye minis Wen Jiabao ak kèk lòt gwo responsab chinwa.
Sa pa gen lontan Lachin te pase devan Etazini kòm pi gwo patnè komèsyal Brezil e kounyeya li reprezante pi gwo sous envestisman etranje pou jeyan sid-ameriken an.