Accessibility links

Breaking News

Prezidan Biden Vle Chanje Kèk Desizyon Ansyen Prezidan Trump te Pran


Joe Biden ap fè diskou apre l finn prete sèman kòm Prezidan Etazini
Joe Biden ap fè diskou apre l finn prete sèman kòm Prezidan Etazini

Prezidan Etazini an Joe Biden anonse li genyen pou l defèt plizyè desizyon ansyen Prezidan Trump te pran gras ak lod ekzekitif. Tou swit apre prestasyon sèman Prezidan Biden, li siyen 3 dokiman pandan l te nan chanm Prezidan an nan Congrè a. Se premye desizyon ofisyel Msye Biden pran an tan ke 46zyèm Prezidan Etazini.

Prezidan Biden siyen Proklamasyon Jou Prestasyon Sèman an, e li fè plizyè nomasyon nan kabinè a. Msye Biden vle fè changman nan kesyon Imigrasyon tou. Dokiman li siyen yo fè pati promès li te fè pou l ranvèse plizyè desizyon ansyen Prezidan Trump te pran pandan 4 an li te pase sou pouvwa a.

Kèk konseye Prezidan Biden fè konnen nouvo chèf deta a pral mete fen nan entèdiksyon sou vwayaj moun ki sòti nan plizyè peyi ki gen Mizilman an majorite. Msye Biden genyen tou pou l mete fen nan konstriksyon yon muray administrasyon Trump la tap konstwi sou frontyè Etazini pataje ak Meksik la. Prezidn Biden genyen pou l pèmèt Etazini retounen kòm manm akò klimatik Paris a, epi pou Etazinni rejwenn Oganizasyon Mondyal Sante a.

Ekip tranzisyon administrasyon Biden nan fè konnen Prezidan Biden ap pase lòd pou ajans federal yo revise politik ki ranfòse rasism sistematik.

XS
SM
MD
LG