Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama Vizite yon Zòn Sinistre nan Eta New Jersey


Prezidan Obama vizite vil Paterson, kote li bay popilasyon an espwa gouvènman pral ede yo aprè gwo dega Siklòn Irèn koze nan rejyon an
Prezidan Obama vizite vil Paterson, kote li bay popilasyon an espwa gouvènman pral ede yo aprè gwo dega Siklòn Irèn koze nan rejyon an

Prezidan ameriken an, Barack Obama, lanse bay òm politik yo nan Wasington yon apèl prese-prese kote l mande yo pa fè politik ak asistans federal ki dwe al jwenn moun ki viktim move konsekans siklòn Irèn ki te pase sou kòt ès Lèzetazini sa genyen 2 weekend.

Dimanch 4 septanm 2011 la, Misye Obama t al wè ak 2 je li dega siklòn nan koze nan New Jersey kote li te vizite 3èm pi gwo vil Eta sa a, Paterson. Siklòn Irèn koze gwo inondasyon nan vil la, e jiskaprezan gen anpil zòn ki anba dlo toujou.

Nan yon mesaj Prezidan Obama te pote bay sinistre yo nan New Jersey, li di moun yo:

"Tout peyi a ankè kanpe avèk nou. E nou pral chache garanti nou ofri tout resous ki nesesè pou rekonstui kominote sa yo. Mwen byen konnen gen moun ki pale pou mande eske efò k ap fèt pou finanse travay rekonstriksyon dijans la pa bò isit la, pa pral ralanti ? An tan ke Prezidan ameriken, mwen vle pale klè pou m di : Nou pral respekte obligasyon nou kòm gouvènman federal. "

Siklòn Irèn te koze gwo destriksyon sou kòt ès Lèzetazini, depi Eta Kawolin di Nò rive jous nan Eta Vermont. Li touye o mwen 40 moun tandiske li fè dega pou pliyzè milya dola. Prezidan Obama fè vizit li a nan New Jersey nan moman previzyon meteo fè konnen lapli pral tonbe semèn sa a ankò sou pati nòdès Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG