Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama di: “Rejim Kadhafi a Rive nan Bout li”


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Ozetazini, Prezidan Barack Obama fè konnen rejim Kadhafi a ap rive nan bout li, nan moman plis peyi arab pote kole pou yo rekonèt mouvman opozisyon libyen an kòm reprezantan lejitim pèp la.

Misye Obama lanse apèl bay kolonèl Kadhafi pou mande l evite plis san koule epi pase lòd bay patizan n yo k ap kontinye goumen, pou yo depoze lèzam.

Lidè ameriken an lanse apèl tou bay Mouvman Opozisyon an pou mande l fòme yon gouvènman demokratik gras ak dispozisyon ki baze sou lapè, inyon nasyonal ak lajistis; se pa pou yo itilize zak vyolans ak santiman revanj pou yo chache jistis.

XS
SM
MD
LG