Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ayisyen René Préval Lanse Apèl Kont Enpinite ann Ayiti


Prezidan ayisyen an René Garcia Préval (foto achiv)
Prezidan ayisyen an René Garcia Préval (foto achiv)

Prezidan ayisyen an, René Prévral, fè yon diskou nan L'ONU nan yon sesyon Colombie òganize sou sitiyaysyon an nan peyi Dayiti, nan moman Colombie ap asire prezidans Konsèy sekirite Nasyonzini an.

Prezidan Préval kòmanse pa souliye enstabilite ki te genyen ann Ayiti pandan 25 ane ki pase yo. Li di trafik dwog se younn nan sous enstabilite politik la nan peyi a. Li lanse apèl pou peyi kote k gen demand pou dwòg yo pratike yon politik ki vize bese demand pou dwòg la.

Msye Préval mande pou gen yon fen nan enpinite ann Ayiti. Li di pandan 50 ane ki pase yo, gen anpil krim ki fèt ann Ayiti san pa gen jistis ki rann sou ka sa yo. Li mande pou leta ayisyen ranfòse sistèm jidisyè a.

Prézidan Préval pwopoze tou pou sosyete sivil la mobilize a travè kreyasyon yon « Commission Mémoire, Verite, et Justice. »

Prezidan Préval remèsye prezidan peyi Colombie a, Juan Manuel Santos poutèt li òganize sesyon espesyal sa a sou sityasyon an ann Ayiti.

Klike sou lyen anwo e adwat atik la pou w koute diskou Prezidan René Préval la.

XS
SM
MD
LG