Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an Pale Sou Santral Nikleyè Peyi a


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Prezidan Barack Obama fè konnen li pase lòd pou yo fè yon revizyon an pwofondè sou sekirite santral nikleyè ameriken yo, nan moman Japon ap goumen pou l kontwole radyasyon k ap soti nan yon enstalasyon nikleyè ki nan pati nòdès Nasyon azyatik la.

Pandan li t ap pale sou pelouz mezon blanch la vandredi 18 mas 2011 la, mesye Obama di ekspè ameriken presize yo pa atann yo aske okenn radyasyon nan yon nivo ki poze yon danje pou kontinan ameriken an , asavwa Alaska, Hawaii, oubyen teritwa Lèzétazini genyen nan zonn loseyan pasifik la.

Li di : "sèl prekosyon ameriken dwe pran vrèman vre , se chache rete byen enfòme sou situasyon an."

XS
SM
MD
LG