Responsab nan gouvènman Ajantin nan fè konnen Prezidan Cristina Fernandez de Kirchner pral retounen nan travay alasuit yon kè-sote kòmkwa li ta gen maladi kansè. Yon kè sote ki te debouche sou eliminasyon tiwoyid li nan kòmansman mwa sa a.
Vis-prezidan Amado Boudou ki te ranplase madam de Kirchner alatèt pouvwa a, di prezidan Cristina Fernandez de Kirchner pral retounen nan pòs li an plèn fòm.
Chèf leta Ajantin nan, ki gen 58 tan ke doktè te dyagnostike ak maladi kansè nan tiwoyid li nan sezon nwèl pase a, te fè yon operasyon nan dat 4 janvye pase.
Sepandan, dènye tès medikal yo fè sou tisi madam de Kirchner a montre ke dyagnostik la te mal fèt e ke modul yo te jwenn nan tiwoyid li yo pat genyen okenn jèm kansè ladan yo.