Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Deziye Garry Conille Rankontre ak Manm Gwoup 16 la


Premye Minis deziye ayisyen an, doktè Garry Conille, fè yon rankont jedi 29 septanm 2011 la avèk manm G-16 la, swa gwoup 16 senatè ki gen majorite a nan sena a, nan moman yon komisyon senatoryal ap pare pou l soumèt devan Gran Kò a rezilta evalyasyon li fè sou dosye misye Conille la.

Daprè korespondan VOA Clarens Renois, genyen gwo chans pou Sena a apwouve nominasyon Doktè Conille la, menm si se pa ak vòt li te jwenn nan Chanm Bas la kote tout depite yo te vote pou kore chwa li pou pòd Premye Minis la.

XS
SM
MD
LG