Anbasadè Fransè a an Ayiti, Didier Lebret, fè konnen diskisyon k ap fèt ant Pouvwa Ekzekitif la ak Pouvwa Lejislatif la sou chwa yon Premye Minis se yon bon siyn.
Daprè diplomat la, le fèt ke Ayiti poko genyen yon nouvo chèf gouvènman, gen move konsekans sou kowoperasyon ant peyi a ak kominote entènasyonal la.
Msye Lebret swete negosyasyon yo debouche anvan lontan sou konfimasyon yon nouvo Premye Minis.
Korespondan nou Rotchild François Junior ap di nou plis.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Rotchild Francois Junior.