Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Pale de Preparasyon K ap Fèt Pou Otorite yo Fè Fas ak Siklòn Florans


Prezidan Donald Trump ki t ap pale ak manm laprès aprè yon prezantasyon nan Salon Oval Mezon Blanch la sou preparasyon k ap fèt pou konfwonte Siklòn Florans.
Prezidan Donald Trump ki t ap pale ak manm laprès aprè yon prezantasyon nan Salon Oval Mezon Blanch la sou preparasyon k ap fèt pou konfwonte Siklòn Florans.

Prezidan ameriken an Donald Trump fè konnen ajans ki la pou pote sekou-dijans yo pare pou yo konfwonte Siklòn Florans k ap deplase vit an direksyon kot sid-ès Lèzetazini. Prezidan Trump pale konsa nan moman li kontinye bat bravo pou jan admisistrasyon n nan te fè fas ak dega Siklòn Maria te koze ane pase nan Potoriko kote move tan sa a te touye preske 3 mil moun. Lidè ameriken an ekri sou kont Twitter li mèkredi pou l di:

"Nou te resevwa anpil bèl e bon kanè pou jan nou te jere sitiyasyon an nan Tegzas ak Florid; e nou te fè yon trè bon travay tou nan Pòtoriko, menm si se yon zile kote sistèm elektrik la pa tèlman bon, mete sou yo majistra kominal nan San Juan ki totalman enkonpetan. Nou pare pou gwo moso sa a k ap mache sou nou an."

Majistra kominal San Juan nan, Carmen Yulin Cruz -ki tonbe anba atak Prezidan Trump la- bay chèn televizyon CNN yon entèvyou kote li fè konnen deklarasyon prezidan an se kòm yon kouto li brase nan yon blese ("li ajoute mank-dega sou jouman") e Donald Trump pa konnen anyen nan anyen k ap pase Pòtoriko. Madam Cruz ajoute prezidan an pa apresye anyen ki pa sèvi pou anbeli imaj li.

Moun ki t ap repare sa yo te rete kòm kay apre pasaj Siklòn Maria sou vilaj Toa Baja, nan Pòtoriko, 18 oktòb 2017.
Moun ki t ap repare sa yo te rete kòm kay apre pasaj Siklòn Maria sou vilaj Toa Baja, nan Pòtoriko, 18 oktòb 2017.

Gouvènè Pòtoriko a, Ricardo Rossello ki reyaji, deklare:

<< Se pa le moman pou moun ap lonje dwèt sou moun. Se moman pou nou konsantre tout efò nou sou travay pou n amelyore lavi plis pase 3 milyon sitwayen ameriken k ap viv nan Pòtoriko. Se dezas natirèl pi tèrib ki frape nou nan listwa modèn. Tout enfrastrikti de baz nouyo detrui, plizyè milye moun mouri pèdi lavi yo, e gen anpil lòt k ap redi toujou pou yo viv. >>

Misye Rossello fini pa di "Istwa relasyon ant Pòtoriko ak Washington montre nou se yon relasyon ki baze sou enjistis e li anti-ameriken. Mwen pa gen okenn dout sou sa: Relasyon sa a pa reprezante yon siksè ditou."

XS
SM
MD
LG