Accessibility links

Breaking News

Blokaj Aktivite yo nan Pòtoprens pandan Jounen 19 Novanm 2018 la


Lapolis ap chache moun ki t ap voye wòch pandan yon manifestasyon anti-gouvènmantal nan Pòtoprens dimanch 18 novanm 2018 la.
Lapolis ap chache moun ki t ap voye wòch pandan yon manifestasyon anti-gouvènmantal nan Pòtoprens dimanch 18 novanm 2018 la.

Nan Pòtoprens, Ayiti, aktivite ekonomik yo te deranje seryezman nan zòn metwopolitèn nan pandan premye pati jounen lendi 19 novanm 2018 la. Moun pa t tèlman wè machin transpò piblik ki ta prale nan direksyon destinasyon sa yo: Kafou, Petyon-Vil, Delma, Taba oubyen lòt zon alantou Pòtoprens yo.

Radyo Metwopòl (Radio Métropole) ki jete yon koutje sou sitiyasyon an, fè konnen malgre apèl Minis Edikasyon Nasyonal la, Pierre Josué Agénor Cadet, te lanse bay responsab etablisman eskolè yo, lekòl yo te rete ak pòt yo fèmen atravè tout rejyon an; e nan prensipal sikui kapital la moun te ka santi yon tansyon nan lè a. Youn nan dirijan opozisyon an, Schiller Louisor, te atire atansyon sou le fèt ke modòd grèv jeneral la valab pou 3 jou yon dèyè lòt.

Bo kote pa l, Prezidan Sena Repiblik la, Joseph Lambert, poze tèt li kesyon pou l mande kisa ki jistifye blokaj sa a nan aktivite yo nan Pòtoprens. Epi li riske yon repons, ki se an menm tan yon kesyon, lè li mande èske se pa lapèrèz oubyen dout sou sa demen kapab pote ki lakoz palalezi sa a nan aktivite yo nan nivo kapital la.

Rezilta manifestasyon anti-gouvènman nan Peyi d Ayiti.
Rezilta manifestasyon anti-gouvènman nan Peyi d Ayiti.

Radyo Metwopòl fè sonje, pandan mouvman pwotestasyon ki dewoule dimanch 18 novanm nan, manifestan yo te enstale anpil barikad epi yo te jete plizyè pil fatra men wotè nan lari yo. Alòs, "otorite yo nan lakomin vil la ta dwe netwaye prensipal ri yo pou fasilite yon repriz nòmal aktivite ekonomik ak akademik yo nan Pòtoprens."

Anfen, moun te ka tande koutzam ki t ap pati byen bonè nan katye popilè yo, pi presizeman nan Grann Ravin avèk La Salin.

LLM / radio Métropole Haïti

XS
SM
MD
LG