Accessibility links

“Little Haiti”, kidonk Ti Ayiti Ap Fè Fas ak Gwo Difikilte Apre Pasaj Siklòn Irma nan Miami Florid

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Sa gen plizye jou depi gwo van siklon Irma a te soufle nan zòn yo rele Little Haiti nan Miami, men Magdalena Ortiz kontinye ap kriye ak trakase kò li chak swa.

Magdalena Ortiz fè konnen “Mwen santi m boulvese, se pi gwo laperèz nan monn nan,” Li kontinye pou l di, "Mwen santi kèm vle eklate, yon doulè tankou kè mwen pral rete.”

Miami Florid chape anba pi gwo frap siklòn Irma a, men, nan Little Haiti -kote moun nwa ki pi pòv yo avèk imigran ki soti Ayiti, nan zòn Karaib la, ak nan zòn Amerik Latin nan abite - moun kap viv la yo santi domage ak konsekans gwo van yo ki koute yo trè chè. Moun kap viv nan Ti-Ayiti kontinye rete san kouran depi apre siklòn Irma a, malgre li fè tre cho an Florid.

Kat jewografik ki montre Little Haiti ou T-Ayiti nan Miami, Florid.
Kat jewografik ki montre Little Haiti ou T-Ayiti nan Miami, Florid.

2 sou 3 jou aprè van Siklòn Irma yo te pase sou Ti Ayiti, nou te obsève yon imigran ki rele Magdalena Ortiz ki tap kriye pandan l pap sispann tranble nan mitan nannuit la.

van yo te kòmanse a, sete kòm yon gwo tiyo dlo, men van yo tap bat pye-bwa yo avèk tèlman fòs, se tankou yon avyon ki tap dekole. Van an te telman , tèlman !!!”

Men, kèk lòt moun te aksepte sitiyasyon an.

Mwen te . Men, pou m pa manm fanmi m yo , m te oblije afiche yon figi brav.”

w konsidere gwo kokenn dega Irma koze nan Karayib la, moun Florid yo, finalman, dwe raple yo ke Siklòn nan te byen kapab komèt plis devastasyon lontan nan Eta yo a. Men, si wap pase yon apre-midi anba yon tanperati ant 90 a 95 degre Farenheit, san elektisite nan Ti Ayiti eben, se kont pou bay tout kalite mal-tèt, mete sou le fèt ke sete deja yon kominote kote moun yo pap viv nan labondans.

Anthony Bennett, yon rezidan nan Ti Ayiti, deklare li pa jist, li pa ekitab pou vwazen ki gen plis mwayen yo komanse en elektrisite lakay yo, alòske li-menm, li rete nan blackout, menmsi li toujou peye bòdwo elektrik li a-.

san ap sòti nan venn nou, li genyen menm koulè a; alòs, si moun sa yo kapab gen limyè, nou ta dwe gen limyè tou. Nou pa ta dwe ap soufri isit la, nou pa ta dwe ap rete tann yon semèn, oubyen 2 semèn ankò.”

Yon lòt rezidan Ti Ayiti ki te pran nesans ann Ayiti se Sylvie Lucien. Li mete devan pòt li yon sign ki mande moun pote l sekou:

Nou genyen ti bebe ak vye-gran moun aje nan kay la. Nou pa konn sa pou n ankò. Nou benzwen èd. Fanchman, nou bezwen èd.”

Pou Sylvie Lucien, --menm jan ak lòt moun kap viv nan katye l la—difikilte ekonomik yap tavèse jounen jodi a te kòmanse byen lontan anvan Siklòn Irma. Madam Lucien deklare, pasaj siklòn nan vin lonje dwèt sou yon reyalite tèrib: ke, si siklòn nan te pi malouk, pètèt li tap pèdi lavi li.

Anthony Bennett ak madanm li Val Williams, tou le 2 abite nan Little Haiti ou T-Ayiti. Yo tap boukannen dènye ti rès manje yo te genyen pou yo manje apre pasaj siklòn Irma nan Florid. (Photo: R. Taylor / VOA)
Anthony Bennett ak madanm li Val Williams, tou le 2 abite nan Little Haiti ou T-Ayiti. Yo tap boukannen dènye ti rès manje yo te genyen pou yo manje apre pasaj siklòn Irma nan Florid. (Photo: R. Taylor / VOA)

Ou pa kapab ale okenn kote; nou tap oblije rete la, sou plas, epi ret tann lanmò; paske kikote ou ka ale alòske ou pa gen machin, epi pa gen pèsonn pou ofri w yon woulib?”

Jounen jodi a, si w al nan Little Haiti (ou Ti Ayiti), wap moun yo kap ede vwazen yo, si yo pap netwayaj kay yo ak lakou yo, oubyen pataje yon barbecue pandan yap chache respire van yon ti briz kap souffle. Toutotan yo poko resevwa asistans yap tann nan, yo youn pral kontinye lonje lamen bay lòt.

XS
SM
MD
LG