Accessibility links

Breaking News

Poroshenko Tounen Ikrèn poul Fè Fas ak Akizasyon Trayizon


Ukraine's former leader Petro Poroshenko addresses supporters after his arrival at an airport some 40 kilometres outside Kyiv on Jan. 17, 2022.
Ukraine's former leader Petro Poroshenko addresses supporters after his arrival at an airport some 40 kilometres outside Kyiv on Jan. 17, 2022.

Prokirè yo nan Ikrèn mande $35 milyon dola kosyon pou ansyen prezidan Petro Poroshenko ki sot retounen nan peyi a lendi pou-l fè fas ak akizasyon trayizon nan yon ka li di ki gen motivasyon politik deyè l.

Plizyè milye patizan te bat bravo pou akeyi Poroshenko ki te dirije Ukrèn ant lane 2014 a 2019 apre li te rive Kièv lendi abò yon vol avyon ki te soti Vasovi.

Poroshenko di sipòtè yo nan ayeropò a ke li te retounen Ikrèn pou ede peyi a fè fas ak menas envazyon Larusi kap ogmante.

Li di: "Nou la a pa pou defann Poroshenko, nou la-a pou nou mete fòs nou ansanm e defann Ukrèn."

Soti nan ayewopò a, li te al nan yon tribunal ki nan sant kapital la Kièv kote avoka gouvènman yo akize-l pou trayizon daprezavwa li te swadizan vann chabon ilegalman pou finanse separatis Larusi apiye yo soti nan lane 2014 pou rive nan lane 2015. Si lajustis jwenn ni koupab, li ka jwenn santans 15 an prizon.

Poroshenko di akizasyon sa yo gen motivasyon politik dèyè yo e li akize prezidan Volodymyr Zelensky kòmkwa li sèvi avek yo pou detounen atansyon moun nan peyi a sou echek administrasyon ni an .

XS
SM
MD
LG