Accessibility links

Breaking News

Prekosyon Anplwaye Ponp Finèb Dwe Pran nan Egzèsis Travay yo (Suit)


Anplwaye yon ponp finèb k ap deplase kadav yon moun kowonaviris touye
Anplwaye yon ponp finèb k ap deplase kadav yon moun kowonaviris touye

Konsèy pou anplwaye yon ponp finèb ki gen pou transpòte kadav yon moun ki mouri ak kowonaviris:

Pou w transpòte kadav la apre ou fin plase li nan yon valiz oubyen yon bwat ki fèt pou sa, se pou w dezenfekte pati eksteryè valiz la oubyen bwat la byen dezenfekte avèk pwodui espesyalis yo rekòmande pou sa.

Pandan w ap fè tout sa, pa bliye respekte konsèy konpayi ki te fabrike pwodui netwayaj la oubyen dezenfektan w ap itilize yo (tankou nivo konsantrasyon, metòd daplikasyon, tan ou kapab pase an kontak avèk pwodui a, elatriye). Epi se pou w toujou sèvi avèk gan jetab ki apwopriye pandan w ap manyen, w ap vire oubyen w ap deplase kadav la.

XS
SM
MD
LG