Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Mike Pompeo Mande pou Retire Venezyela nan Òganizasyon Eta Ameriken yo,OEA


Sekretè Deta ameriken an Mike Pompeo pandan li tap patisipe nan 48èm Asanble Òdinè Eta ameriken yo, OEA nan Washington isit Ozetazini 4 jen 2018.
Sekretè Deta ameriken an Mike Pompeo pandan li tap patisipe nan 48èm Asanble Òdinè Eta ameriken yo, OEA nan Washington isit Ozetazini 4 jen 2018.

Sekretè Deta Ameriken an Mike Pompeo mande peyi manm OEA yo pou pran yon rezolison pou sispann patisipasyon Venezyela nan Òganizasyon Eta Ameriken yo. Mesye Pompeo kritike otorite Karakas yo pou dewoulman prezidansyèl yo li di ki ilejitim nan zye menm obsèvatè entènasyonal yo.

Sekretè Deta Pompeo denonse tou vyolans li di gouvènman Daniel Ortega a ap fèt kont manifestan yo nan peyi Nikaragwa kote pèp la ap mande chanjman kont yon rejim bout di ki sou pouvwa a depi lontan. Mesye Pompeo denonse tou eleksyon prezidansyèl yo nan Venezyela li di ki ilejitim.

Chèf diplomasi amerikèn nan fè deklarasyon sa yo lendi 4 jen 2018 pandan li te pran lapawòl devan Asanble Jeneral Òdinè OEA nan Washington kote li tap pale sou enpòtans asanble a genyen pou Etazini nan kad travay lap fè pou ranfòse dwa moun nan rejyon an.

Manifestasyon kont rejim Prezidan Nikaragwa a, Daniel Ortega devan lokal OEA, Òganizasyon Eta Ameriken yo nan Washington pandan premye jou dewoulman 48èm seyson òdinè òganizasyon an. Plizyè dizen sitwayen Nikaragwa deklache yon manifestasyon devan syèj Òganizasyon Eta Ameriken yo nan Washington kote yap denonse zak maspinay yo di gouvènman Daniel Ortega a ap fè sou pèp la yon fason pou anpeche yo manfete e defann dwa yo. Sitwayen sa yo mansyone plizyè moun yo di rejim Ortega a ta touye nan dènye manifestasyon ki te fè nan peyi a semèn pase yo. Daniel Ortega se yon figi politik nan Nikaragwa depi nan ane 70 yo; li se te yon manm geriya Sandinis yo ki te rive ranvèse gouvènman Anastasio Somoza a. Daniel Ortega te eli prezidan Nokaragwa an 1984 pou rive 1990 apre sa a li te tounen sou pouvwa a ankò an 2007 pou jiskaprezan kote chak 4 tran li toujou reeli nan eleksyon yo. Pe1p la ta snable leve kanpe kont rejim li a kounye a.
XS
SM
MD
LG