Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Mike Pompeo Pral Fè yon Diskou sou "Lachin ak Mond Lib la"


 Sekretè Dete Mike Pompeo nan moman Premye Minis Dannmak la, Mette Frederiksen, t ap swete l byenveni nan Palè Marienborg la nan Kopennhag, mèkredi 22 jiyè 2020 an. (Foto: Thibault Savary / Pool via AP).
Sekretè Dete Mike Pompeo nan moman Premye Minis Dannmak la, Mette Frederiksen, t ap swete l byenveni nan Palè Marienborg la nan Kopennhag, mèkredi 22 jiyè 2020 an. (Foto: Thibault Savary / Pool via AP).

Sekretè Deta Lezetazini an, Mike Pompeo, gen pou l pwononse yon diskou sou Peyi Lachin nan yon moman kote tansyon an ap monte seryezman ant 2 peyi yo. Depatman Deta a fè konnen mesaj chèf diplomasi amerikèn nan ap gen pou tit “Lachin Kominis e Lavni Mond Lib la.” Misye Pompeo pral fè diskou sa a nan Eta Kalifòni nan jounen jedi 23 jiyè 2020 an.

Nan jounen mekredi a, Lèzetazini te pase lòd pou Depatman Deta a fèmen konsila chinwa a nan vil Houston; daprè Washington, objektif desizyon sa a se pou “pwoteje pwopriyete entèlektyèl ak enfòmasyon prive sitwayen ameriken yo.” Pandan Misye Pompeo t ap fè yon vizit nan peyi Dannmak nan menm jounen mèkredi a, Ii deklare:

“Nap fè piblik la konnen klèman kijan nou espere pou Pati Kominis Chinwa a konpòte l, e si l pa konpòte l konsa, nou pral pran aksyon ki pou n pwoteje pèp ameriken an, pou n pwoteje sekirite nou, sekirite nasyonal nou an menm tan ke n ap pwoteje ekonomi nou an ak job nan peyi nou.”

Lachin rejte desizyon Lezetazini an ke li konsidere kom “yon pwovokasyon politik” e li anonse li pral reponn kifkif “avèk kèk aksyon lejjitim e nesesè.” Anbasad chinwaz la nan Washington pibliye yon deklarasyon kote li di:

<<Lachin kondane ak tout fòs sa li rele “yon aksyon li konsidere kom yon eskandal e ki pa gen jistifikasyon." Se yon aksyon k ap sabote eta relasyon ant Peken ak Washington; li opoze li ak fèmte kont aksyon sa a. Akizasyon Lèzetazini an se yon envansyon ki pa gen fondman e eskiz Ameriken yo bay pou akizasyon sa a se yon fabrikasyon e yo pa ka pwouve li.”

XS
SM
MD
LG