Accessibility links

Breaking News

Polòy Gen Yon Nouvo Prezidan: Bronislaw Komorowski


Nan peyi Lapolòy, nan moman responsab komisyon elektoral la preske fin konte bilten pou 2èm tou eleksyon prezidansyèl la, rezilta yo montre prezidan pwovizwa a, Bronislaw Komorowski, ranpòte laviktwa sou rival li, Jaroslaw Kaczynski, ki déjà rekonèt defèt li. Daprè rezilta ofisyèl ki baze sou 95% vòt yo, Misye Komorowski ranpòte 52,6% vwa yo. Responsab elektoral yo prevwa yo va kapab pibliye rezilta definitif yo pi ta lendi 5 jiyè a. Misye Kaczynski deja pale pou l prezante konpliman n bay misye Komorowski kòm venkè eleksyonan, aprè 2 previzyon ki fèt aprè vòt la montre prezidan pwovizwa a devan kous la.

Kiyès Bronislaw Komorowski ye?

Prezidan eli polonè a prezante tèt li kòm yon radikal ki tounen yon moun ki aksepte fè konpromi e ki montre moderasyon nan konpotman n sou sèn politik la. Msye Komorowski --ki gen 58 an-- te pran nesans nan yon fanmi aristokrat ki te vin pòv sou rejim kominis la. Lè li te etidyan, li te toujou afiche yon pozisyon rebèl anti -kominis. Nan ane 1981, aprè gouvènman polonè a te dekrete yon lwa masyal pou jije e kraze sendika solidarite a, otorite yo te mete misye nan prizon ansanm ak kèk lòt militan enpòtan.

Msye Komorowski te resevwa envitasyon pou l fè pati premye gouvènman ki te fòme apre ranvèsman rejim kominis la nan ane 1989. Depi lè sa a, li okipe yon seri pòs enpòtan, pami yo genyen: manm palman an, minis defans, epi prezidan palman an (yon pòs li te okipe jous nan kòmansman ane sa a). Misye Komorowski te monte nan pòs prezidan pwovizwa a otomatikman nan mwa avril pase a, lè prezidan Lech Kaczynski te pèdi lavi li nan yon aksidan avyon. Misye Bronislaw Komorowski marye e li genyen 5 pitit.

XS
SM
MD
LG