Accessibility links

Breaking News

Polis Nasyonal Dayiti (PNH) Ak MINUSTAH Garanti Sekirite Piblik la


Yon responsab Misyon Mentyen La Pè Nasyonzini an Ayiti (MINUSTAH) fè konnen fòs de lòd yo ak polis nasyonal la pran yon seri de dispozisyon pou garanti sekirite lokal Konsèy Elektoral la. Pandansetan, reyaksyon depaman kontinye tonbe sou sispens k ap kontinye akoz desizyon KEP a pran pou l ranvwaye piblikasyon lis kandida ki otorize pou patisipe nan kous prezidansyèl la.

Yon lòt kote, yon delegasyon MINUSTAH fè yon vizit sou Il La Gonav kote li rankontre ak otorite lokal yo pou yo abòde mwayen misyon entènasyonal la kapab pote kontribisyon nan pwojè devlopman ki sou pye sou Il la.

Anfen nan vil O Kay, kanpay pou motive popilasyon an kont danje li kapab kouri sizoka gen siklòn ap kontinye. Se konsa jedi 19 avril la, yon delegasyon responsab konsène ki te sòti Pòtoprens te fè yon vizit nan depatman sid la pou raple moun yo dispozisyon yo dwe pran pou pwoteje tèt yo kont danje ki mache ak move tan, tankou inondasyon pa egzanp.

Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 20 out 2010 la

XS
SM
MD
LG