Ann Ayiti, komisyon senatoryal ki fòme pou etidye dosye Premye Minis deziye a --an palan de Minis Afè Etranje a, Laurent Lamothe-- fè konnen li poko fikse okenn dat pou li rankontre ak nouvo kandida pou pòs chèf gouvènman an. Kòm premye etap nan pwosesis ratifikasyon nouvo Premye Minis la, komisyon an genyen pou l rankontre ak Misye Lamothe epi resevwa dokiman ki pou montre li satisfè kondisyon konstitsyon an poze pou l okipe plas la.
N ap raple Prezidan Michel Martelly te anonse chwa Minis Afè Etranjè a pou pòs la aprè Premye Minis Garry Conille te bay demisyon n nan fen mwa fevriye a. Depi prestasyon sèman Prezidan Martelly nan mitan ane 2011 la, Laurent Lamothe se katriyèm chwa li fè pou plas chèf gouvènman an. Anvan Doktè Conille te monte sou pouvwa a, sena a te rejte nominasyon òm-dafè Gérard Daniel Rouzier ak avoka Bernard Gousse.
Rotchild François, Jr. gen yon repòtaj sou dosye a sou ikòn mp3 ki anwo, adwat, paj wèb la. Fè yon klik sou li.