Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sekirite: 750 Aspiran Polisye sou Wout pou Gwosi Efektif Enstitisyon PNH la


Manm Polis Nasyonal Dayiti, PNH, kap defile pandan yon seremoni pou make 17èm anivèsè enstitisyon polis la. Pòtoprens, 12 jen 2012. (Foto: REUTERS/Swoan Parker)
Manm Polis Nasyonal Dayiti, PNH, kap defile pandan yon seremoni pou make 17èm anivèsè enstitisyon polis la. Pòtoprens, 12 jen 2012. (Foto: REUTERS/Swoan Parker)

Ann Ayiti anviwon 750 jèn pami yo 250 fi pral resevwa fòmasyon pandan plizyè mwa nan akademi polis nasyonal la ki sou wout Frè nan Petyon Vil.

Dapre enfòmasyon ki sou paj Twitter Polis Nasyonal Ayiti a, PNH, goup jèn sa yo ki antre nan akademi a la pandan wikenn nan pral reprezante 29èm pwomosyon enstitisyon an apre yon fin pran fòmasyon sa a.

Polis nasyonal la ki te fòme nan ane 90 yo gen plis pase 10 mil manm jounen jodi a. Objektif otorite yo se pou yo rive depase 15 mil polisye.

XS
SM
MD
LG