Accessibility links

Breaking News

Lapolis Jwenn Sipò Plizyè Patnèt Entènasyonal nan Kad Lit Kont Trafik Moun sou Fwontyè a


Otorite Polis Nasyonal la, PNH ak Anbasdè Etazini a ann Michele Sison ki poze pou yon fot pandan seremoni inogirasyon enstalasyon pano solèy nan baz polis fwontalyè a nan Mòn Kas, nòdès peyi Dayiti, 14 out 2018
Otorite Polis Nasyonal la, PNH ak Anbasdè Etazini a ann Michele Sison ki poze pou yon fot pandan seremoni inogirasyon enstalasyon pano solèy nan baz polis fwontalyè a nan Mòn Kas, nòdès peyi Dayiti, 14 out 2018

Yon delegasyon plizyè otorite nasyonal e entènasyonal patisipe nan seremini inogirasyon enstalasyon yon sistèn pano solè pou alimante an elektrisite baz polis fwontalyè a Poli-Fwont nan Mòn Kas ki twouve l nan Nòdès peyi Dayiti.

Anbasadè Etazini a ann Ayiti Michele Sison, Direktè Jeneral polis DGPNH Michel-Ange Gédéo, reprezantan Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) ak manm misyon Nasyon Zini pou sipòte lajistis Minujusth, te fè deplasman pou seremoni inogirasyon nouvo plant solè sa ki pral bay pwòp, kouran elektrik renouvlab nan baz la PNH la nan Mòn Kas, kote 110 Ajan Poli-Fwont ap kontwole fwontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn.

Anbasadè Sison ankouraje koperasyon OIM ak PNH la ansanm ak Minujusth nan lit enstitisyon an ap mennen kont trafik moun sou fwontè Ayiti ak Sen Domeng.

Etazini se youn nan peyi zanmi Ayiti ki toujou pote sipò e patenarya l ak enstitisyon Polis Nasyonal Dayiti a, PNH.

XS
SM
MD
LG