Accessibility links

Breaking News

PM Henry: 'Migrasyon Pap Sispann Toutotan Nou Pa Regle Inegalite yo'


Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou devan 76e sesyon Asanble Jeneral Nasyonzuni, 25 Sept. 2021. Diskou a fet virtyelman.
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou devan 76e sesyon Asanble Jeneral Nasyonzuni, 25 Sept. 2021. Diskou a fet virtyelman.

Nan moman moun toupatou nan mond lan ap rele anmwe pou tretman migran Ayisyen yo sibi Ozetazuni, Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pran la pawol devan Asanble Jeneral Nasyonzuni an pou'l di se inegalite ki lakoz migrasyon sa a.

Sepandan Henry pa kritike Washington direkteman pou koze sa a nan diskou li. Li fe konnen li pa vle defye dwa peyi nan mond lan genyen pou kontwole frontye yo. Sepandan li ajoute ke migrasyon pral kontinye toutotan peyi ki rich yo rete rich tandiske res mond lan ap viv nan povrete.

Lezetazuni depote yon afe 14,000 migran Ayisyen ki te gen espwa antre nan peyi a, men gen 12,400 ki resevwa pemisyon pou yo antre nan peyi a pwovizwaman ann atandan yo pousuiv demann yo pou azil.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG