Accessibility links

Breaking News

Plizyè Santèn Endijèn ap Pwoteste nan Bolivi


Manifestan yo te ransanble lendi 15 out 2011 la nan vil Amazòn, nan pwovens Trinidad, pou yon mach 600 kilomèt ki pral debouche sou kapital Bolivi a, La Paz.
Manifestan yo te ransanble lendi 15 out 2011 la nan vil Amazòn, nan pwovens Trinidad, pou yon mach 600 kilomèt ki pral debouche sou kapital Bolivi a, La Paz.

Omwen 500 militan endijèn nan peyi Bolivi patisipe nan yon manifestasyon pou yo pwoteste kont yon plan gouvènman an genyen pou l bati yon otowout 300 kilomèt k ap pase anndan Forè Amazòn nan.

Manifestan yo te ransanble lendi 15 out 2011 la nan vil Amazòn, nan pwovens Trinidad, pou yon mach 600 kilomèt ki pral debouche sou kapital Bolivi a, La Paz. Manifestan yo di wout sa a, k ap koute 415 milyon dola, menase yon rejyon pwoteje ak dwa yo genyen pou gouvènman an te pran kontak avèk yo dabò anvan pou l te pran desizyon an.

Prezidan Evo Morales fè pèp endijèn nan fache lè l di :

«Kit yo vle, kit yo pa vle wout sa a pral fèt nan Teritwa Pak Nasyonal Endijèn Isiboro Secure. »

XS
SM
MD
LG